
ALASO!
By Alaso!

ALASO!Apr 03, 2021

Kijan konstwi ak amenaje espas yon pi bon fason an Ayiti ka yon zak rezistans kont vyolans ak inegalite sosyal?
Isabelle Jolicoeur se yon achitèk. Nan chita pale ak Gaëlle Bien-Aimé, li tap diskite nan pòdkas ALASO kijan òganizasyon espas nan peyi Dayiti ranfòse vyolans, diskrimasyon ak eksklizyon gwoup majinalize ak vilnerab yo, espesyalman fanm yo. Li poze yon kesyon fondamantal : kijan yon achitèk ka itilize angajman l, fòmasyon l ak travay li pou kontribiye nan chanje sa?

Apèl Solidarite Feminis: Feminis yo an Ayiti kanpe kont diktati ak destriksyon lavi nan peyi a.

Rapò fanm ak Inivèsite nan peyi Dayiti
Jounen 18 Me a, se selebrasyon 2 eleman enpòtan pou Ayiti: Drapo ak Inivèsite. E menm jan pou drapo a, istwa fanm ak Inivèsite a pa souvan nan deba yo nan sosyete sa. Rapò fanm ak Inivèsite a suiv menm chema patriyaka sosyete a.Gen yon kantite dokimantasyon ki pwodui sou fanm ak mouvman feminis ayisyen an nan 2 dènye deseni ki sot pase yo. Aksè ak dokimantasyon sa yo pi fasil nan inivèsite lòt peyi. Enterè Inivèsite Ayisyen pou Fanm ak mouvman feminis ayisyen an fèb.
Pou 2e nimewo a, òganizayon Nègès Mawon ap gade plizyè aspè nan rapò fanm ak inivèsite a, valè sijè rechèch sou fanm, sou mouvman feminis ayisyen yon feminis inivèsitèz, ki konsantre rechèch li sou lavi fanm ayisyèn.

3 Avril: Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn.
Se ak anpil plezi òganizasyon Nègès Mawon lanse premye nimewo pòdkas li ki rele ALASO. Prewmye nimewo sa a soti nan kontèks jounen 3 Avril la, ki se jounen nasyonal mouvman fam Ayisyèn. Jounen 3 avril 2021 a fè 35 lane depi pi gwo mobilizasyon fanm te fèt nan tout peyi a an 1986. Premye nimewo ALASO a rakonte istwa mouvman sa a. E li tou anonse planifikasyon òganizasyon Nègès Mawon pou komemore jou sa a.