
AyiboLab
By AyiboPost

AyiboLabNov 08, 2023

Kafoufèy : Lopital Sanatoryòm nan gwo difikilte !
Responsab lopital Sanatoryòm Pòtoprens lan, Dr Jean Ardouin Esther Louis-Charles ap eksplike move konesans popilasyon an genyen sou maladi tibèkiloz lan e tout difikilte Lopital la rankontre ni avan, ni aprè nèg ak zam te finn mete yo nan kouri nan Kafoufèy.

Reyalite medya ann Ayiti yo k ap sibi gwo pwoblèm nan kesyon achiv !
Marc Anderson Brégard ki se direktè jeneral RTVC ak Gotson Pierre, responsab nan Alterpresse ak Medialternatif, ap dekri gwo pwoblèm pwoblèm achiv ki gen nan media an Ayiti epi eksplike kijan sitiyasyon sa afekte antite yo. Gade entèvansyon yo nan emisyon AyiboLab sa.

Tout detay enpòtan pou konprann rezon ki lakòz patrimwàn peyi a tèt anba.
Sa se katòzyèm AyiboLab pou ane a. Nan nimewo sa, nou envite Iléus Papillon, prezidan obsèvatwa patrimwàn an Ayiti, pou eksplike poukisa li enpòtan jounen jodia pou nou ap pale de memwa ak patrimwàn peyi a. Nou envitew dekouvri enpòtans patrimwàn istorik pou yon peyi nan videyo sa a. ► Pwofite dekouvri repòtaj jounalis Wethzer Piercin sou sitiyasyon an : https://ayibopost.com/letat-haitien-t...

Reyalite ak mistè ou dwe dekouvri dekouvri nan endistri tatouaj la an Ayiti a
Sa a se trèzyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan epizòd sa a, AyiboPost envite James Zachari (atis tatouaj) ak Alexandra Mizelin (Antreprenè) pou rakonte eskperyans yo kòm moun ki viktim de frap sektè tatouaj la ap pran depi deklanchman mouvman "Bwa Kale" a an avril 2023.
► Pwofite dekouvri repòtaj jounalis David Lorens Mentor ak Jérôme Wendy Norestyl sou sitiyasyon an : Photos | Des Haïtiens tatoués sous la menace constante du «Bwa Kale» - AyiboPost © AyiboPost - Dawout 2023

Temwayaj viktim atak Kafoufèy nan jou ki te samdi 12 dawout 2023 la
Sa a se douzyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite ansyen pòt pawòl SPNH-17 la Abelson Gros-Nègre ak youn nan viktim ki pèdi kay yo nan moman atak la nan jou ki te samdi 12 dawout 2023 a.
► Pwofite dekouvri repòtaj jounalis Jean Feguens Regala & David Lorens Mentor sou sitiyasyon an : Photos | Le cauchemar continue à Carrefour-Feuilles - AyiboPost
© AyiboPost - Dawout 2023

Tray viktim ki te refijye devan anbasad amerikèn yo poko fini !
Sa a se onzyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite 2 pami viktim ki t al refije devan anbasad amerikèn dimanch 23 jiyè 2023. Aprè Lapolis fin chase yo devan anbasad la, viktim k ap kouri pou zak endividi ame yo kontinye ap chèche kote pou yo rete.
► Pwofite dekouvri repòtaj jounalis Jean Feguens Regala ak Junior Legrand sou sitiyasyon an : Photos | L’Ambassade des USA en Haïti affirme n’avoir pas demandé de disperser la foule
© AyiboPost - Dawout 2023

Verite sou sistèm sante ann Ayiti aprè lanmò enfimyè Kenia Civil
Sa a se dizyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite Doktè Ricarven Ovil pou ede n konprann tout paramèt ki reprezante kòm fay nan sistèm sante ann Ayiti a e ki ta lakòz lanmò etidyant nan syans enfimyè Kenia Civil nan lopital Laplas Okay.
► Pwofite li atik yon atik sa a Doktè Ovil ekri sou evènman an : Perspective | Ce que révèle le décès de l’infirmière Kenia Civil sur notre système de santé
© AyiboPost - Jiyè 2023

Reyalite tafyatè sou plas Carl Brouard nan Pòtoprens
Sa a se nevyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite James Danger, ki se travayè sosyal, pou ede n konprann pi byen reyalite konsomatè dwòg ak alkòl nan peyi a, espesyalman sou plas Carl Brouard ke anpil moun rele "Kay Tafyè".
► Pwofite li atik jounalis Junior Legrand ekri sou sitiyasyon an : Place Carl Brouard, domicile des «tafyatè» à Port-au-Prince
© AyiboPost - Jiyè 2023

Rebel Layonn : Vejetaryen depi 25 lane. Men poukisa.
Sa a se uityèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite James Vergneau, ki gen pou non atis li Rebel Layonn, pou vin pataje eksperyans li antanke vejetaryen depi 25 lane.
Reggaeman nan di vejetarism se yon pratik ki gen anpil enpòtans pou li. L ap ede n konprann kisa pratik sa a reprezante pou li pandan l ap rakonte n sa ki pouse l adopte l nan lavi l ak fanmi ni.
► Pwofite li atik jounalis Lunise Duquereste ekri sou sitiyasyon an : La créativité inspirante des végétariens en Haïti pour manger sain et équilibré © AyiboPost - Jen 2023

Men kisa ouvriye nan faktori yo ap mande ojis !
Sa a se setyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite yon sendikalis k ap defann dwa ouvriye nan faktori yo pou konnen e konprann kisa ojis ki dèyè manifestasyon y ap fè yo. Li pa kache anyen.
Pwofite li atik jounalis Jérôme Wendy Norestyl ekri sou sitiyasyon an :
► Des employeurs de la sous-traitance en Haïti détournent les prélèvements salariaux des travailleurs © AyiboPost - Jen 2023

Pwopozisyon pou ede wete Ayiti nan kriz alimantè jodi a
Sa a se sizyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite ekonomis Etzer Emile ak agwonòm Jean Luc Saint Pierre, yo abòde nannan kriz alimantè k ap ravaje Ayiti a, e yo pwopoze kèk solisyon pou ede wete peyi a.
► Klike sou Ensekirite alimantè pou w dekouvri tout travay nou soti sou tematik sa a.
© AyiboPost - Jen 2023

Ayiti : Kriz sanitè a agrave akòz medsen k ap kite peyi a
Sa a se senkyèm emisyon AyiboLab pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, AyiboPost panche sou kriz sanitè ann Ayiti ki vin agrave akòz medsen espesyalize k ap vire do bay peyi a. Jounalis Fenel Pélissier ekri pou AyiboPost yon seri atik sou sijè a. Nou envite l nan emisyon jodi a. Ou ka pwofite li atik li yo nan lyen pi ba yo :
► Leurs professeurs quittent Haïti, les étudiants en médecine de l’UEH à l’épreuve des cours en ligne ► Haïti en danger : l’insécurité pousse les médecins spécialisés à quitter le pays
► 3 à 4 cadavres «sans famille» par jour… des hôpitaux de P-au-P exténués ► Des morceaux de glace pour conserver les morts à Jérémie © AyiboPost - Me 2023

Sitiyasyon malouk moun soud yo ann Ayiti
Sa a se katriyèm emisyon AyiboLab pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, AyiboPost panche sou sitiyasyon malouk moun soud yo ap viv ann Ayiti akoz klima ensekirite k ap layite nan peyi a.
► Ou ka pwofite li atik sa a tou, jounalis Abimaël-Romilus Sévère ekri : Tués parce qu’ils ne pouvaient pas entendre

Sit touristik Labadie rete vivan, malgre kriz peyi a
An 2022, sit touristik Labadie resevwa 400 000 touris ak 133 bato kwazyè, malgre divès alèt wouj yon latriye peyi tankou Etazini ak Angletè te mete sou Ayiti. Ou ka li atik la : Labadie a reçu 400 000 touristes et 133 bateaux de croisière en 2022 – AyiboPost

Men nan ki eta ensekirite a lage depatman Latibonit
Latibonit debòde. Gang ame yo kidnape mezi tè peyizan yo. Sitwayen yo pa ka jwenn manje. Ensekirite a lage depatman plat atè. Nou diskite ak 2 jounalis AyiboPost ki se moun Latibonit, pou ede n konprann sitiyasyon an.
Ou ka li atik yo a la : Artibonite : les agriculteurs forcés d’abandonner leurs terres face aux gangs armés – AyiboPost

Leyla McCalla : atis amerikèn sa a soti yon albòm, se Radio Haïti Inter ki enspire l li. Men poukisa
Atis amerikèn Leyla McCalla, ki gen rasin parantal li ann Ayiti, fenk soti yon albòm, se Radio Haïti Inter ki enspire l li. «Breaking the Thermometer» ki se tit albòm nan, se kòmansman yon fraz editoryal Jean Léopold Dominique, ansyen jounalis wòdpòte radyo a.
Nan videyo sa a, Ervenshy Hugo Jean-Louis ki ekri Une artiste classique américaine sort un album inspiré par « Radio Haïti Inter » – AyiboPost ap ede nou pi byen konpran enpotan albòm sa a.
_____ ▶ Radio Haïti Inter te bay kreyòl yon plas enpòtan. Ou ka li atik sa a : Le parcours parsemé de discriminations du créole dans les médias en Haïti – AyiboPost ▶ Suiv @AyiboLab sou Twitter pou ka toujou okouran de sa @AyiboPost ap regle an koulis !

Konprann istwa maladi chabon an Ayiti
Konprann istwa maladi chabon an Ayiti

Dosye ki konsène pwòch Jovenel Moïse yo kanpe apre desizyon li pran pou revoke kèk jij
Dosye ki konsène pwòch Jovenel Moïse yo kanpe apre desizyon li pran pou revoke kèk jij

Tande jwè seleksyon an k ap plenyen pou lajan Gold Cup yo pa resevwa
Tande jwè seleksyon an k ap plenyen pou lajan Gold Cup yo pa resevwa

Poukisa Jacques Stephen Alexis nan litij, alòske l mouri depi 60 an ?
Poukisa Jacques Stephen Alexis nan litij, alòske l mouri depi 60 an ?

Fo anplwaye anvayi palman an
Fo anplwaye anvayi palman an

Konprann poukisa fo diri madan Gougous anvayi Ayiti
Otorite k ap jere koze lakilti nan ministè agrikilte di li panse varyete diri Madan Gougous la ka egzite alòske pou gran plantè yo, varyete diri sa a disparèt depi byen lontan anndan peyi a

Pa gen pyès kontwòl sou medikaman k ap rantre Ayiti
Leta Ayisyen pa mete moun sou fwontyè ak ladwàn pou verifye si medikaman k ap rantre yo pa pwazon

Yo te di l fouye twou l pou yo antere l. 52 zan apre masak Kazal, Anselme Benoit mouri.
27 Mas 1969, rejim diktati François Duvalier a masakre 23 moun nan Kazal. Memwa viktim ak rezistan rejim bout di sa a rete grave nan lespri moun Kazal

Pi fò fakilte medsin an Ayiti ilegal
Une dizaine de facultés de médecine en Haïti forment des médecins non reconnus par l’État

Ki pwojè Jean Jacques Pierre genyen pou seleksyon an ?
Dènye nouvèl sou seleksyon nasyonal la

Pwòch Marly Edouard ap temwanye apre lanmò pwofesyonèl la
Yon diskisyon sou Marly Edouard

Tout sa w dwe konnen sou USGPN
Semèn sa a, n ap tounen sou atik: La longue liste des actions illégales de l’unité qui a mené « l’opération Petit Bois »

Kisa moun yo kondane pou fè travay fòse fè nan prizon Ayiti ?
Semèn sa a, n ap retounen sou atik : Que font les prisonniers condamnés aux travaux forcés en Haïti ?

Poukisa labank refize vann dola?
Pwoblèm dola labank

Temwanyaj viktim tizonnay
Kisa sa ye tizonnay ? Kijan nou ka batay kont li ?

L'architecture de la peur en Haïti
Avec l'architecte, Isabelle Alice Jolicoeur

Poukisa sèvis ORL HUEH lan fèmen
Le service médical d’oto-rhino-laryngologie de l’HUEH est fermé et sa réouverture prochaine n’est pas certaine

Plizyè kay pèsonaj istorik ki nan patrimwàn peyi a abandone
Semèn sa a, n ap retounen sou atik : La maison où naquit Alexandre Pétion est un dépotoir au cœur de Port-au-Prince

Deplasman simityè Petyonvil la se yon pwoblèm
Au cimetière de Pétion-Ville, les fatras ont pris la place des morts

Manje lwa nan vodou
Semèn sa a, n ap retounen sou atik: Manje lwa nouri anpil fanmi nan simityè Potoprens. Atik sa a fè n konprann manje lwa plis pase yon aktivite espirityèl. Se yon fason Ayisyen fè kominote, epi pataje sa yo genyen.

Poukisa leta vle fèmen penitansye nasyonal ?
Leta Ayisyen gen nan pwojè l pou fèmen penitansye nasyonal. Men kisa sa vle di. Atik : Le pénitencier national bientôt fermé, annoncent des responsables

Kijan notè konn patisipe nan volè tè an Ayiti ?
Notè yo jwe gwo wòl nan anpil gwo tranzaksyon k ap fèt nan peyi a. Metye sa a chaje ak pwoblèm, dapre anpil moun ki ladan. Nan epizòd sa a, n ap pale de pwoblèm sa yo. N ap eksplike tou kijan w ka fè pou w byen achte yon tè an Ayiti.

Gede nan Gonayiv pase anba katouch
Fèt Gede pase anba bal fann fwa nan Gonayiv. Feguenson Hermogène te sou plas pou Ayibopost.

Le vaccin contre le choléra divise en Haïti
Depuis le mois de février de l'année 2019, Haiti n'a enregistré aucun cas confirmé de choléra. Malgré cette élimination de la maladie, terme utilisé par plusieurs scientifiques, des entités veulent effectuer une campagne nationale de vaccination contre la maladie dans le pays. On en parle dans cet épisode d'AyiboLab.

Pwoblèm kat SIM k ap vann san kontwòl
Konpayi telefòn mobil an Ayiti pa respekte nòm ki an plas pou vann kat SIM. Kat SIM k ap sikile san kontwòl epi ki pa anrejistre itilize pou menase moun, kidnape sitwayen elatriye. N ap diskite de sa semèn sa a ak Emmanuel Moïse Yves. Ou kapab li repòtaj li an nan lyen sa a: https://ayibopost.com/des-cartes-sim-vendues-sans-controle-dans-les-rues-utilisees-par-des-criminels/

Poukisa radyo ak tele an Ayiti refize envite fanm?
Semèn sa a, n ap retounen sou atik : Les femmes sont presque invisibles dans les émissions politiques des médias en Haïti

Tout sa w dwe konnen sou andometriyoz
Semèn sa a, n ap retounen sou atik : La souffrance insupportable de femmes Haïtiennes qui vivent avec l’endométriose

Mòn lopital an danje
Semèn sa a, n ap tounen sou atik : La route annoncée au Morne l’Hôpital sera une catastrophe pour P-au-P, prédisent des experts

Tout sa w dwe konnen sou doulè règ
Li pa nòmal pou fi gen gwo doulè pandan règ yo

Entèvyou ak Mèt Monferrier Dorval 2 jou avan yo asasinen l
Epizòd omaj ak mèt Monferrier Dorval bandi asasinen 29 dawout ki sot pase la a lakay li. Mèt Dorval te batonye lòd avoka Pòtoprens

Poukisa leta paka kontwole to chanj an Ayiti ?
N ap retounen sou repòtaj : Voilà pourquoi l’État haïtien ne peut pas fixer le taux de change.
2 ekonomis ki pale nan epizòd Ayibolab sa a se Cleeford Pavilus ak Riphard Sérent. Premye entèvansyon an, se Riphard Sérent ki fè l.

Enpòtans radyo kominotè an Ayiti

Une victime de revenge porn témoigne

Le problème de la gestion du caca en Haiti
Semèn sa a, n ap retounen sou repòtaj : Des compagnies font des millions dans le business du caca et refusent de payer l’État ak jounalis Samuel Celiné.