

Kreyonomi podcastMay 18, 2021

S02E03- Dwòg ak depandans : Loly Jacques ap enfòme nou
Vin koute Loly Jacques k ap pale sou dwòg. Enfòmasyon nan bon ti mamit. Loly Jacques gen yon fòmasyon an rapò ak toksikomani epi li gen eksperyans nan akonpaye moun ki gen pwoblèm depandans.

S02E02 - Tamas Jean Pierre: klas sosyal ann Ayiti (Pati 2)
Diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. Nou te rankontre Pwofesè Fleuristin fwa pase sou menm sijè a, kounye a n ap rankontre ak Tamas Jean Pierre, yon sosyològ e militan feminis pou yon ti pale sou egzistans, nannan ak reyalite klas sosyal yo ann Ayiti. Fwa sa a, n ap nonsèlman pale sou klas sosyal, men tou sou koneksyon ak telekospaj ki genyen ant klas yo ak lòt rapò dominasyon yo.

S02E02 - Pitit sòyèt, klas mwayèn, boujwazi: kisa diskou sou klas sosyal ann Ayiti yo aprann nou? (Pati 1)
Nan kòmansman epizòd sa nou te jwe mizik "Nèg anwo" Boukan Ginen an. An reyalite, diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. N ap rankontre ak Lionel Fleuristin, yon pwofesè ki gen plis pase 20 an eksperyans konsiltasyon ak rechèch nan ekonomi sosyal ak solidè pou yon ti pale sou egzistans ak reyalite klas sosyal yo ann Ayiti.

S02E01 - Ti Kozri Ak Yves-Marie Sou Lasosyete
Nan ti kozri sa a ak Yves-Marie Exumé, nan espas 90 minit nou rive dekòtike yon seri bagay ki pa yès nan fason sosyete a fonksyone, espesyalman nan jan li konstwi rapò fi ak gason. Epizòd sa tou ka ofri yon bèl antre sou mouvman feminis lan, alafwa nan dimansyon teyorik li ak nan dimansyon pratik li. Yves-Marie Exumé pataje vizyon l ak nou sou pwoblèm k ap minen sosyete yo epi li kòmanse imajine solisyon ki ta ka mennen nou nan yon sosyete kote tout moun ap viv byen, egalego.

S01E06 - Èske Ayiti marye ak lamizè?
Nou envite Ekonomis Carl-Henri Prophète vin reponn kesyon sa a pou nou: Èske Ayiti marye ak lamizè? Ekonomis la di nou li bouke chèche papye maryaj la li pa wè l, men li rekonèt Ayiti ak lamizè gen yon long istwa ansanm, yo pa de etranje. Apre li fin fè yon bèl rale sou istwa ekonomik peyi a, li idantifye yon seri dinamik estriktirèl ki sitire lamizè anndan peyi a. Apre prezantasyon l lan, piblik la te gen okazyon aktive mikwo l pou poze kesyon, sa ki te rann echanj yo pi vivan. Epizòd sa se dènye nan ribrik Ekonomi nou an. Pwochen ribrik la pral pale sou sosyete e n ap resevwa Yves-Marie Exumé nan premye epizòd la pou yon ti kozri sou fanm, dwa fanm, feminism ak lòt pawoli ankò. Randevou kase pou 3 desanm 7è pm pou epizòd an dirèk la, epi l ap disponib apre sa 7 desanm a 7è pm sou pòdkas la. Apati epizòd sa, chak nouvo epizòd pòdkas ap disponib 7 nan mwa a, a 7è pm. An nou kontinye fè wout la ansanm.

S1E05-Pouki todchanj lan fin monte apre sa l tonbe desann? (Pati 2)
Nan dezyèm pati diskisyon sa nou te gen ak ekonomis Standley Réginald epi Débora Descieux a, nou diskite dirèkteman koz varyasyon todchanj lan alafwa istorikman e aktyèlman. Nan gade konsekans dènye chanjman yo ka genyen tou. Nan fen an, nou fè yon ti louvri kad la sou jan nou ta ka inove finans peyi a atravè yon seri zouti tankou kontra alavans, divèsifikasyon mache ak pwodui finansye yo e menm entèlijans atifisyèl.

S1E05-Finans, labank, bidjè, PetroCaribe ak todchanj ann Ayiti (Pati 1)
Nan premye pati diskisyon sa nou te genyen ak 2 ekonomis envite, Standley Réginald epi Débora Descieux, nou gade ansanm wòl ekonomis yo, kisa finans ye, ki wòl labank e kisa y ap fè ak lajan nou depoze lakay yo a, wòl Bank Santral, nouvo bidjè peyi a, relasyon ki gen ant dèt n ap peye yo ak Akò PetroCaribe nou gagote a. Nan dezyèm pati a, ki ap vin apre, n ap gade espesyalman kisa ki te koz monte epi degrengolad dola a pandan dènye mwa yo.

S01E04-Pouki tout moun pa manifeste? Yon ti bat bouch sou reskiyaj
Nou antre fon nan sikoloji reskiyè, woulibè ak gratè yo, gade jan sosyete a wè yo e ki koz oswa konsekans konpòtman sa a.
Mwen ekri yon biyè blòg sou sa tou, sou kreyonomi.blog

S01E03-Dous pou dous? Ekonomi an pratik

S01E02-Kòman dyaspora a ka ede Ayiti?

S01E01-Kisa ekonomi ye?
Dekouvri tout sa nan premye epizòd Kreyonomi Pòdkas la, nan ribrik Ekonomi an. Tcheke biyè blòg ki mache ak epizòd sa a sou kreyonomi.blog pou plis detay, plis referans ak eleman nou pa t abòde nan pòdkas la.
Abone epi pataje ak zanmi w.
Stevens Azima