
ALEKEN
By Naika Sampeur
Chak kout kiyè lavi ou pran ou konn pa ka dekri, pale ou pataje. Chak gòje nan kafou malonèt, enpas lasosyete se gou fyèl. Pandan ti machann ALEKEN an pase, Ann pwofite pran de kout kiyè lajwa, motivasyon AK anpil lòt bagay li pote nan djakout sou tèt li. Bagay yo pa janm fasil pou Di, pou pale oubyen pou pataje. Yon ti gode motivasyon ka fè Yon diferans🍃

ALEKEN Oct 22, 2019
00:00
01:51

NOU TOUT KA VIKTIM
Nan nouvo pataj sa a, nap dekouvri reyalite n chak jou tankou moun ke yap fouye dwèt nan je nan lasosyete n. Pataje ak nou sa w santi!!!
Jun 20, 202210:56

ENPÈFEKSYON
Nou tout tap tann ak enpasyans chak nouvo epizòd sou platfòm nan. Mèsi pou pasyans u. Nap koze ansanm e nap jwenn solisyon ansanm...Ann pale!
Apr 21, 202203:16

Renmen TÈT ou
Otokritik sou tout fòm; e se youn nan bagay nou fé chak jou pou n pa di souvan. Konnen kew merite rebat kat. Pwononse plis pawòl pozitif, apresyew e aprann konnen w; konsa l'AP pi fasil pou w aksepte konpliman san move lide.
Feb 04, 202103:18

FE W YON REZON
Machandiz yo Lou, m'en nou pap met atè. Enstale w pou m sèvi w Yon asyèt ALEKEN. Vin goute ave m!
Nov 15, 201903:00

REV OU
Konba sa w ladann lan se ou ki pou fè fas AK li. Sa kap few pè an, se pou afronte l. Konnen w pare jodia, ou posede Yon lot vesyon de ou menm. Mete kanson w nan tay ou Al taye banda w!
Nov 02, 201902:43

ENTEGRITE
Se nan bagay ki pi Piti yo, ti Detay nan lavi nou rive bati gwo bout karaktè: ENTEGRITE. Ann enstale nou pou nou divèti nou nan plat ALEKEN sa.
Oct 22, 201901:51

PREZANTASYON ALEKEN
ALEKEN se Yon pla cho ki pral gen kom engredyan motivasyon, relasyon moun ak moun, devloplan pèsonèl, lavi santimantal, koz AK konsekans ke ond negatif ak pozitif gen sou lavi w AK moun ki bò kotew.
Oct 18, 201900:50

Valè w konte
Nan lavi ,felisite moun se Youn nan boutè ki pèmèt li avanse. M'en nou toujou fokis sou sa ki négatif, sou zen , sou sa ki pa enpòtan. Ede lot moun rive pa senp ti bagay sa.
Oct 18, 201901:22

Ti Detay
Nan ti asyèt ALEKEN sa, Mwen fè deskripsyon Etap ki nan vi nou e ke sosyete nou pa aprann nou konn tet nou, AK jere fristrasyon nou.
Oct 18, 201902:00

Kwè nan ou
Chak lè w preske rive ou vle fè bak, fon ti kanpe épi chèche kwè nan ou. #selfconfident
Oct 17, 201904:20